Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 62

Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwa

Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwa

Yon jou swa, Nebikadneza te fè yon rèv ki te fè l pè anpil. Li te rele mesye ki te gen sajès yo pou yo esplike l rèv la. Men, youn pa t kapab. Alafen, wa a te pale ak Dànyèl.

Nebikadneza di Dànyèl: ‘Nan rèv mwen an, mwen wè yon pyebwa. Li tèlman wo, li rive nan syèl. Moun tout kote sou tè a te ka wè l. Li te gen bèl fèy ak yon pakèt fwi. Bèt te vin chèche lonbray anba l, e zwazo yo te fè nich yo sou branch li. Apre sa, gen yon zanj ki desann sot nan syèl la. Li di byen fò: “Koupe pyebwa a, epi koupe branch li yo. Men, kite chouk la ak rasin yo nan tè a, epi mete sèk ki fèt ak fè ak kuiv toutotou l. Kè pyebwa a ap chanje, li pap yon kè moun ankò, l ap vin yon kè bèt, e l ap ret konsa pandan sèt tan. Tout moun ap konnen se Bondye ki Chèf, e li ka bay nenpòt moun li vle yon wayòm.”’

Jewova te fè Dànyèl konnen sa rèv la vle di. Lè Dànyèl vin konprann rèv la, li te vin pè anpil. Li di: ‘O monwa, se pa pou ou rèv sa a ta dwe ye, se pou ènmi w. Gwo pyebwa yo te koupe a se ou menm. W ap pèdi wayòm ou an, e w ap manje zèb nan raje menm jan ak bèt bwa. Men, piske zanj lan te di pou yo kite chouk la ak rasin yo, w ap retounen vin wa ankò.’

Ennan annapre, Nebikadneza t ap mache sou do palè l la ki te plat pandan l t ap gade jan Babilòn bèl. Li di: ‘Gade gwo bèl vil mwen bati a. Gade ki jan mwen gran!’ Pandan l t ap pale, gen yon vwa ki sot nan syèl la ki di: ‘Nebikadneza! Kounye a, ou pèdi wayòm ou an.’

Menm moman an, Nebikadneza vin fou e li vin tankou yon bèt bwa. Yo te fòse l kite palè l la pou l al viv nan bwa ak bèt bwa yo. Cheve Nebikadneza te vin long tankou plim èg, e zong li te vin tankou grif zwazo.

Apre sèt ane fin pase, Nebikadneza te vin nòmal ankò e Jewova te fè l vin wa nan peyi Babilòn. Epi, Nebikadneza di: ‘M ap fè louwanj pou Jewova, Wa syèl la. Kounye a, mwen konnen se Jewova ki Chèf. Li imilye moun ki gen ògèy, e li kapab bay nenpòt moun li vle yon wayòm.’

“Ògèy lakòz moun tonbe, e awogans lakòz moun bite.” — Pwovèb 16:18.