Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 66

Esdras te anseye Lwa Bondye

Esdras te anseye Lwa Bondye

Swasanndizan potko pase depi pifò nan Izrayelit yo te retounen Jerizalèm. Men, te gen kèk ki te rete nan plizyè pati nan wayòm peyi Pès la. Youn nan yo se te Esdras, yon prèt ki te konn anseye lwa Jewova yo. Esdras te aprann moun ki t ap viv nan Jerizalèm yo pa t suiv Lalwa, e li te vle al ede yo. Atagzèsès, wa peyi Pès la, te di Esdras: ‘Bondye ba w sajès pou w ka anseye lwa l yo. Ale, epi pran nenpòt moun ki vle ale avèk ou.’ Esdras reyini ak tout moun ki te vle retounen Jerizalèm yo. Yo priye Jewova pou l pwoteje yo pandan vwayaj byen long yo t apral fè a, epi, y ale.

Kat mwa apre, yo rive Jerizalèm. Prens yo di Esdras: ‘Izrayelit yo dezobeyi Jewova e y al marye ak yon seri medam ki konn adore zidòl.’ Ki sa Esdras te fè lè l tande sa? Esdras met ajenou devan tout moun, li priye Jewova, li di: ‘Jewova, ou fè twòp pou nou, men, nou menm nou peche kont ou.’ Moun yo te repanti, men yo te bezwen èd pou yo fè sa ki dwat. Esdras te chwazi kèk ansyen ak kèk jij pou yo ka ede pèp la. Pandan twa mwa ki vin apre yo, yo te voye moun ki pa t ap adore Jewova yo ale.

Douz ane te gentan pase. Pandan ane sa yo, yo te rebati miray Jerizalèm yo. Se sa k fè, Esdras fè tout moun reyini nan plas piblik la pou l li Lwa Bondye a pou yo. Lè Esdras ouvri liv la, tout moun kanpe. Li fè louwanj pou Jewova, e moun yo leve men yo pou montre yo dakò. Apre sa, Esdras li Lalwa pou yo e l esplike yo l, e moun yo te pran san yo pou yo koute l. Yo te admèt yo te vire do bay Jewova ankò e yo te tonbe kriye. Nan demen, Esdras te li plis bagay nan Lalwa pou yo. Yo te aprann anvan lontan, yo t ap bezwen fete Fèt Tonèl la. Lapoula, yo te kòmanse fè preparasyon pou fèt la.

Pandan sèt jou fèt la, moun yo te kontan e yo te di Jewova mèsi pou bon rekòt yo te fè. Depi epòk Jozye a, yo pa t janm fete yon Fèt Tonèl konsa. Apre fèt la, pèp la te reyini pou yo priye Jewova, yo te di: ‘Jewova, se ou menm ki te delivre nou anba esklavaj, ou te ban nou manje nan dezè a, e w te ban nou bèl peyi sa a. Men, nou pa sispann dezobeyi w. Ou te voye pwofèt pou avèti nou, men nou pa t koute yo. Aktout sa, ou te pran pasyans avèk nou. Ou te kenbe pwomès ou te fè Abraram nan. Kounye a, nou pwomèt n ap obeyi w.’ Yo te ekri pwomès yo te fè a e prens yo, Levit yo ak prèt yo te mete so sou li.

“Byennere moun ki tande pawòl Bondye e ki pratike l!” — Lik 11:28.