Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 68

Elizabèt fè yon tibebe

Elizabèt fè yon tibebe

Plis pase 400 ane apre yo te fin rebati miray Jerizalèm yo, te gen yon prèt yo te rele Zakari ak madanm li, Elizabèt, ki t ap viv toupre vil la. Yo te gen plizyè ane depi yo marye, men, yo pa t gen pitit. Yon jou, pandan Zakari t ap boule lansan anndan tanp lan, zanj Gabriyèl te parèt devan l. Zakari te pè anpil, men, Gabriyèl di l: ‘Ou pa bezwen pè. Jewova ban m yon bon nouvèl pou m ba ou. Elizabèt, madanm ou, pral fè yon pitit gason, l ap rele Jan. Jewova chwazi Jan pou yon travay espesyal.’ Zakari te mande zanj lan: ‘Ki jan pou m fè kwè w? Madanm mwen avè m, nou twò granmoun pou n fè pitit.’ Gabriyèl di l: ‘Se Bondye ki voye m vin ba w nouvèl sa a. Men, piske w pa kwè m, ou pap kapab pale jiskaske tibebe a fin fèt.’

Zakari te fè plis tan anndan tanp lan pase sa l konn abitye fè. Lè l resi soti, moun ki t ap tann deyò yo te vle konnen ki sa k te rive. Zakari pa t ka pale. Li te sèlman ka fè jès ak men l. Lè sa a, moun yo vin konprann Zakari te resevwa yon mesaj nan men Bondye.

Rive yon lè, Elizabèt te vin ansent e l te fè yon tigason. Konsa, pawòl zanj lan te di yo te reyalize. Zanmi l yo ak moun nan fanmi l yo te vin wè tibebe a. Se pa ti kontan yo te kontan pou li! Elizabèt di yo: ‘Pitit la rele Jan.’ Yo di l: ‘Pa gen yon moun nan fanmi w ki rele Jan. Rele l Zakari menm jan ak papa l.’ Men, Zakari te ekri pawòl ki vin apre yo: ‘Se Jan ki non pitit la.’ Menm kote a, Zakari te vin ka pale ankò! Tout moun nan Jide te vin tande pale de tibebe a, e moun yo t ap mande tèt yo: ‘Ki sa timoun sa a ap ye lè l vin gran?’

Lè sa a, Zakari vin ranpli ak lespri sen. Men sa l te anonse: ‘Se pou moun fè louwanj pou Jewova. Li te pwomèt Abraram li t ap voye yon sovè, anpalan de Mesi a, pou delivre nou. Jan ap vin yon pwofèt ki pral fè konnen Mesi a ap vini.’

Epitou, gen yon bagay espesyal ki te rive Mari ki te fanmi Elizabèt. Ann wè ki sa k te pase nan chapit ki vin apre a.

“Pou lèzòm, sa enposib, men pou Bondye, tout bagay posib.” — Matye 19:26.