Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 69

Gabriyèl al wè Mari

Gabriyèl al wè Mari

Elizabèt te gen yon ti fanmi l ki te rele Mari ki t ap viv nan vil Nazarèt, nan Galile. Mari te fiyanse ak Jozèf ki te yon bòs chapant. Lè Elizabèt te gen sis mwa ansent, zanj Gabriyèl te parèt devan Mari. Li di l: ‘Bonjou Mari. Jewova fè w yon gwo favè.’ Li pa t konprann sa Gabriyèl te vle di l. Se sa k fè, li di l: ‘W ap vin ansent, w ap fè yon pitit gason e w ap rele l Jezi. L ap gen pou l vin Wa. Wayòm li an ap la pou toutan.’

Mari di l: ‘Men, mwen poko nan relasyon ak gason. Ki jan m ap fè gen pitit?’ Gabriyèl di l: ‘Anyen pa enposib pou Jewova. Lespri sen ap vin sou ou, e w ap vin gen yon pitit gason. Elizabèt, fanmi w lan, vin ansent tou.’ Epi, Mari di l: ‘Mwen se esklav Jewova. Se pou sa rive m jan w sot di a.’

Mari t al nan yon vil ki nan mòn pou l al wè Elizabèt. Lè Mari salye Elizabèt, Elizabèt te santi tibebe a sote anndan vant li. Lespri sen Bondye te sou li, epi li di: ‘Mari, Jewova beni w. Se yon onè pou m resevwa manman Seyè m nan lakay mwen.’ Mari di l: ‘M ap fè louwanj pou Jewova ak tout kè m.’ Mari te fè twa mwa lakay Elizabèt, e apre sa, li tounen lakay li, Nazarèt.

Lè Jozèf vin aprann Mari ansent, li pa t vle marye avè l ankò. Men, yon zanj parèt devan l nan yon rèv, epi li di l: ‘Ou pa bezwen pè marye avè l. Li pa fè anyen mal.’ Konsa, Jozèf marye ak Mari, epi l mennen l lakay li.

“Jewova fè sa l vle ni nan syèl la, ni sou tè a.” — Sòm 135:6.