Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 72

Jezi ki jèn tigason

Jezi ki jèn tigason

Jozèf ak Mari t ap viv Nazarèt ak Jezi ansanm ak lòt pitit gason ak pitit fi yo te genyen. Jozèf te travay kòm bòs chapant pou l pran swen fanmi an. Li te fè yo konnen kiyès Jewova ye e l te anseye yo Lalwa. Fanmi an te toujou al adore Bondye nan sinagòg la e yo te konn al Jerizalèm pou fèt Pak la chak ane.

Lè Jezi te gen 12 an, fanmi an te fè vwayaj byen long yo konn abitye fè pou y al Jerizalèm nan. Vil sa a te chaje ak moun ki te vini nan fèt Pak la. Annapre, Jozèf ak Mari te kòmanse vwayaje pou yo retounen lakay yo e yo te panse Jezi t ap vwayaje ak gwoup la tou. Men, lè yo chèche Jezi pami fanmi yo, yo pa t ka jwenn li.

Yo te tounen Jerizalèm, e yo te fè twa jou ap chèche pitit gason yo a. Alafen, yo t al nan tanp lan. Se la yo te jwenn Jezi ki chita nan mitan anseyan yo, li te pran tan pou l byen koute sa yo t ap di e l t ap poze yo bonjan kesyon. Anseyan yo te tèlman sezi tande sa Jezi t ap di, yo te kòmanse poze l kesyon. Epi, yo te sezi wè fason li reponn. Yo te kapab wè li konprann Lwa Jewova te bay la.

Jozèf ak Mari te enkyete anpil. Mari te di Jezi: ‘Kote w te ye pitit? Nou chèche w tout kote wi!’ Jezi di: ‘Èske nou pa konnen se lakay Papa m mwen dwe ye?’

Apre sa, Jezi al lakay Jozèf ak Mari nan vil Nazarèt. Jozèf te montre Jezi ki jan pou l travay kòm bòs chapant. Ki kalite moun ou panse Jezi te ye toutpandan l t ap grandi? Pandan Jezi t ap grandi, li te vin gen plis sajès. Epi ni Bondye ni moun te renmen l.

“O Bondye m nan, mwen pran plezi pou m fè volonte w. Lwa w yo nan fon kè m.” — Sòm 40:8.