Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 73

Jan fè konnen Mesi a ap vini

Jan fè konnen Mesi a ap vini

Jan, pitit gason Zakari ak Elizabèt, te vin yon pwofèt lè l te vin gran. Jewova te sèvi ak Jan pou l fè moun yo konnen Mesi a ap vini. Men, olye Jan t al preche nan sinagòg yo oswa nan vil yo, li te preche nan dezè a. Moun yo te soti Jerizalèm e toupatou nan Jide pou yo vin aprann nan men Jan. Li te montre yo, si yo vle fè kè Bondye kontan, yo dwe sispann fè sa ki mal. Anpil moun te repanti pou peche yo lè yo te tande sa Jan t ap anseye yo, e Jan te batize yo nan Rivyè Jouden an.

Jan t ap viv tou senp. Rad li te fèt ak plim chamo e l te konn manje krikèt ak siwo myèl nan bwa. Moun te anvi konn kiyès li ye. Menm Farizyen yo ak Sadiseyen yo, ki te gen ògèy, te vin wè l. Li te di yo: ‘Nou dwe chanje fason n ap viv e n dwe repanti. Pinga nou panse nou espesyal sèlman paske nou di nou se pitit Abraram. Sa pa vle di nou se pitit Bondye.’

Anpil moun te vin kot Jan e yo te mande l: ‘Ki sa n dwe fè pou n fè kè Bondye kontan?’ Jan te di Juif yo: ‘Si n gen de manto, bay yon moun ki nan bezwen youn.’ Èske w konn pou ki rezon l te di yo sa? Li te vle fè disip li yo konnen pou yo fè kè Bondye kontan yo dwe renmen moun.

Jan te di moun ki te konn ranmase taks yo: ‘Se pou nou onèt e pinga nou twonpe pèsonn.’ Li te di sòlda yo: ‘Pinga nou aksepte lajan anba anba e pinga nou bay manti.’

Gen prèt ak Levit tou ki te vin kot Jan e yo te mande l: ‘Kiyès ou ye? Tout moun vle konnen.’ Jan reponn yo: ‘Mwen se yon vwa nan dezè a k ap mennen moun yo vin jwenn Jewova, jan pwofèt Ezayi te anonse sa.’

Moun yo te renmen sa Jan t ap anseye yo. Gen anpil ladan yo ki te mande tèt yo si se Jan ki Mesi a. Men, Jan te di yo: ‘Gen yon moun ki nan pi gwo pozisyon pase m k ap vini. Mwen pa menm bon pou m demare sandal nan pye l. Mwen batize moun nan dlo, men, li menm, l ap batize moun ak lespri sen.’

“Mesye sa a te vini antanke temwen pou l te ka bay temwayaj sou limyè a, dekwa pou l te ka pèmèt tout kalite moun kwè.” — Jan 1:7.