Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 76

Jezi pwòpte tanp lan

Jezi pwòpte tanp lan

Nan zòn mwa avril ane 30 epòk nou an, Jezi t al Jerizalèm. Gen anpil moun ki te vin nan vil la pou fèt Pak la. Youn nan bagay yo te konn fè pandan fèt la se te ofri bèt nan tanp lan. Gen kèk moun ki te konn vini ak bèt pa yo, men, gen lòt moun ki te konn achte yo Jerizalèm.

Lè Jezi t al nan tanp lan, li te wè moun k ap vann bèt ladan l. Yo t ap fè lajan met nan pòch yo anndan kay Jewova te itilize pou vrè adorasyon an! Ki sa Jezi te fè lè l te wè sa? Li te fè yon fwèt ak kòd e l met mouton yo ak kabrit yo deyò nan tanp lan. Li chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo e li lage pyès monnen yo atè. Jezi te di moun ki t ap vann pijon yo: ‘Retire bagay sa yo la a! Pa fè kay Papa m nan vin yon kote pou moun fè komès!’

Moun yo nan tanp lan te sezi wè sa Jezi te fè. Disip li yo te sonje pwofesi ki gen rapò ak Mesi a ki di: ‘Lanmou m ap gen pou kay Jewova a ap fò anpil.’

Annapre, nan ane 33 epòk nou an, Jezi te pwòpte tanp lan yon dezyèm fwa. Li pa t tolere pèsonn aji yon fason ki montre yo pa gen okenn respè pou kay Papa l la.

“Nou pa kapab esklav Bondye ak Lajan anmenmtan.” — Lik 16:13.