Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 79

Jezi fè anpil mirak

Jezi fè anpil mirak

Jezi te vin sou tè a pou l preche bon nouvèl Wayòm Bondye a. Jewova te bay Jezi lespri sen pou l fè mirak yon fason pou l te ka montre ki sa l pral fè lè l vin Wa. Li te ka geri nenpòt maladi. Nenpòt kote li te ale, moun malad te vin chèche èd nan men l e l te geri yo tout. Moun avèg te vin wè, moun soud vin tande, moun ki andikape vin kapab mache e moun ki te anba pouvwa demon te vin libere. Menm lè se ke rad Jezi yo te touche, yo t ap geri. Moun te konn suiv Jezi tout kote l ale. Menm lè Jezi te anvi pase yon ti tan poukont li, li pa t janm voye moun ale.

Yon lè, moun yo te pote yon moun ki paralize nan yon kay kote Jezi te ye. Men, kay la te tèlman gen moun, yo pa t kapab antre ladan l. Se sa k fè, yo te fè yon twou nan tèt kay la, epi yo desann mesye a bay Jezi. Lè sa a, Jezi di mesye a: ‘Leve, mache.’ Lè mesye a fè sa, moun yo te sezi anpil.

Yon lòt lè, pandan Jezi t ap antre nan yon bouk, te gen dis moun ki te gen lèp ki te kanpe byen lwen ki t ap di byen fò: ‘Jezi, ede nou!’ Nan epòk sa a, moun ki gen lèp pa t gendwa mache sou moun. Jezi te di mesye yo pou y al nan tanp lan, paske se sa Lwa Jewova te mande pou moun ki gen lèp yo fè lè yo fin geri. Pandan yo t apral nan tanp lan, yo te geri. Lè youn nan yo wè li geri, li retounen vin di Jezi mèsi e li fè louwanj pou Bondye. Se sèl mesye sa a nan toule dis mesye yo ki te vin di Jezi mèsi.

Gen yon dam ki te gen 12 an depi l malad ki te vle fè nenpòt bagay pou l geri. Li te vini pa dèyè Jezi nan yon foul moun, e li manyen ke rad ki te sou Jezi a. Menm kote a, li geri. Annapre, Jezi mande: “Ki moun ki manyen m nan?” Dam nan te pè anpil, men l te avanse, epi l di Jezi laverite. Jezi te konsole l, li di l: ‘Pitit fi m, ou mèt ale anpè.’

Yon lè, yon gwo chèf ki te rele Jayiris te sipliye Jezi, li di l: ‘Vin lakay mwen! Pitit fi m nan malad anpil.’ Men, anvan Jezi rive kay Jayiris, tipitit la gentan mouri. Lè Jezi rive, li wè anpil moun ki vin kriye ak fanmi an. Jezi di yo: ‘Pa kriye, se dòmi l ap dòmi.’ Epi, li pran men tifi a, li di l: “Tifi, mwen di w: ‘Leve!’” Lapoula, tifi a chita, epi Jezi mande paran l yo pou yo ba l yon ti manje. Èske w ka imajine jan papa ak manman tifi a te santi yo?

“Bondye chwazi l antanke Kris ak lespri sen ak pisans, [...] li te mache nan tout peyi a, li t ap fè sa ki byen e li t ap geri tout moun Dyab la t ap toupizi, paske Bondye te avè l.” — Travay 10:38.