Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 82

Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye

Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye

Tout sa Farizyen yo te fè, yo te fè l pou moun ka fè lwanj pou yo. Si yo te fè yon bon bagay, yo te fè l pou fè moun wè. Yo te konn priye an piblik pou tout moun ka wè yo. Farizyen yo te aprann yon seri priyè byen long e yo te konn resite yo nan sinagòg yo ak nan kafou gran wout yo kote lòt moun te kapab tande yo. Se sa k fè moun yo te sezi lè Jezi te di yo: ‘Pa priye tankou Farizyen yo. Yo te panse Bondye t ap sezi tande tout pawòl y ap di yo, men, sa pa t fè Bondye sezi. Lapriyè se yon bagay ki konsène ou menm ak Jewova. Pa repete menm pawòl yo toutan. Jewova vle w di l jan w santi w toutbon.

‘Men ki jan nou dwe priye: “Papa nou ki nan syèl la, se pou non w vin sen. Se pou Wayòm ou an vini. Se pou volonte w fèt sou tè a kou nan syèl la.”’ Epitou, Jezi te di yo pou yo priye pou manje y ap bezwen pou jounen an, pou yo mande padon pou peche yo e pou kèk lòt bagay y ap bezwen.

Jezi te di: ‘Pa janm sispann priye. Kontinye mande Jewova, Papa w, pou l ba w bon bagay. Tout papa ak manman vle bay pitit yo bon bagay. Si pitit ou mande w yon pen, èske w t ap ba li yon wòch? Si l mande w yon pwason, èske w ap ba li yon koulèv?’

Apre sa, Jezi esplike yo leson an: ‘Si w konnen fò w bay pitit ou bon kado, alewè pou Jewova, Papa nou, l ap ban nou lespri sen tou. Sèl sa w bezwen fè se mande l li.’ Èske w suiv konsèy Jezi te bay la? Ki bagay konsa ou mande Bondye lè w ap priye l?

“Kontinye mande, e y ap ban nou. Kontinye chèche, e n ap jwenn. Kontinye frape, e y ap ouvri pou nou.” — Matye 7:7.