Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 84

Jezi mache sou dlo

Jezi mache sou dlo

Jezi te konn geri moun ki malad, li te konn resisite moun ki mouri, men tou, li te gen pouvwa sou van ak lapli. Apre Jezi te sot priye sou yon mòn, li gade anba e li wè gen yon tanpèt sou Lanmè Galile. Apot li yo te nan bato yo, yo t ap goumen ak van an. Jezi desann mòn nan e li te kòmanse mache sou dlo a pou l al sou bato a. Lè apot yo te wè yon moun k ap mache sou dlo a, yo te vin pè anpil. Men, Jezi di yo: ‘Se mwen menm. Nou pa bezwen pè.’

Pyè di: ‘Mèt, si se ou vre, ban m lòd pou m vin jwenn ou.’ Jezi di Pyè: ‘Vin jwenn mwen non.’ Se konsa, Pyè desann bato a nan mitan tanpèt la e li mache sou dlo a al jwenn Jezi. Men, tank Pyè t ap pwoche kot Jezi, Pyè voye je l gade tanpèt la e l vin pè. Li santi l ap desann nan dlo a. Pyè rele byen fò: ‘Mèt, sove m!’ Jezi pran men l, epi l mande l: ‘Poukisa w kòmanse gen dout? Kote lafwa w?’

Jezi ak Pyè monte nan bato a, e lapoula, tanpèt la sispann. Èske w ka imajine jan apot yo te santi yo? Yo di: “Vrèmanvre, ou se Pitit Bondye.”

Se pa sèlman lè sa a Jezi te montre li gen pouvwa sou tan an. Nan yon lòt okazyon, lè Jezi ak apot li yo t apral pa lòtbò lanmè a nan bato, Jezi t ap dòmi pa dèyè nan bato a. Pandan li t ap dòmi, te vin gen yon gwo van tanpèt. Gwo lanm lanmè yo t ap frape bato a, e bato a te vin plen ak dlo. Apot yo te leve Jezi, yo t ap rele: ‘Anseyan, nou pral mouri! Ede nou!’ Jezi leve, epi li di lanmè a: “Ret trankil!” Menm kote a, van an ak lanmè a te vin trankil. Jezi mande apot yo: ‘Kot lafwa nou?’ Youn te di lòt: “Ata van ak lanmè obeyi l!” Apot yo te aprann si yo fè Jezi konfyans nèt, yo pa t ap bezwen pè anyen.

“Ki kote m t ap ye si m pa t gen konfyans m ap benefisye bonte Jewova toutotan m ap viv?” — Sòm 27:13.