Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 85

Jezi geri moun nan jou saba a

Jezi geri moun nan jou saba a

Farizyen yo te rayi Jezi e yo t ap chèche yon rezon pou yo arete l. Yo te di li pa dwe geri moun nan jou saba a. Yon jou saba, Jezi te rankontre yon moun ki avèg k ap mande nan lari. Li di disip li yo: ‘Gade ki jan pisans Bondye pral ede mesye sa a.’ Jezi te melanje krache l ak tè pou l fè yon labou, epi li mete l sou je mesye a. Jezi di l: ‘Al lave je w nan pisin Silowam nan.’ Mesye a te fè sa, e pou premye fwa nan lavi l, li te vin wè.

Moun yo te sezi anpil. Yo di: ‘Èske se mesye ki konn chita ap mande a, oubyen se yon moun ki sanble avè l?’ Mesye a di: ‘Se mwen menm ki te fèt tou avèg la!’ Moun yo mande l: ‘Kòman w fè pa avèg ankò?’ Lè l di yo ki sa k te rive l, yo mennen l kot Farizyen yo.

Mesye a di Farizyen yo: ‘Jezi met yon ti labou sou je m, epi l di m al lave je m. Mwen fè sa, epi kounye a mwen wè.’ Farizyen yo di: ‘Si Jezi geri moun nan jou saba a, se pa Bondye ki ba l pouvwa fè sa.’ Men, yon lòt moun di: ‘Si se pa Bondye ki ba l pouvwa, li pa t ap ka geri moun.’

Farizyen yo rele papa ak manman mesye a, epi yo mande yo: ‘Ki jan pitit gason nou an fè kapab wè kounye a?’ Papa ak manman mesye a te pè paske Farizyen yo te di y ap met nenpòt moun ki mete lafwa yo nan Jezi deyò nan sinagòg la. Se sa k fè yo di: ‘Nou pa konnen. Se pou nou mande l.’ Farizyen yo te poze mesye a plis kesyon toujou jiskaske l di: ‘Mwen di nou tout sa m konnen. Poukisa nou kontinye ap poze m kesyon?’ Farizyen yo te fache anpil, epi yo mete l deyò.

Jezi t al kot mesye a, epi l mande l: ‘Èske w gen lafwa nan Mesi a?’ Mesye a di: ‘Mwen t ap gen lafwa nan li si m te konn kiyès li ye.’ Jezi di l: ‘Se mwen ki Mesi a.’ Èske sa pa montre jan Jezi bon moun? Li pa t sèlman geri mesye a, men, li te ede l gen lafwa tou.

“Nou nan erè, paske nou pa konnen ni Ekriti yo, ni pisans Bondye.” — Matye 22:29.