Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 86

Jezi resisite Laza

Jezi resisite Laza

Jezi gen twa bon zanmi ki t ap viv nan Betani. Se te Laza ak de sè l yo, anpalan de Mari ak Mat. Yon jou, pandan Jezi te pa lòtbò Rivyè Jouden an, Mari ak Mat te voye yon mesaj pou li ann ijans, yo te voye di l: ‘Laza malad anpil. Tanpri, vini vit!’ Men, Jezi pa t ale tousuit. Li te ret tann de jou ankò, epi, li di disip li yo: ‘Ann al Betani. Laza ap dòmi, e mwen pral leve l nan dòmi.’ Apot yo di: ‘Si Laza ap dòmi, ebyen sa ap ede l geri.’ Se sa k fè, Jezi di yo byen klè: ‘Laza mouri.’

Lè Jezi rive Betani, yo te gentan antere Laza depi kat jou. Te gen anpil moun ki te vin konsole Mat ak Mari. Lè Mat tande Jezi rive, li kouri al rankontre l. Li di l: “Seyè, si w te la, frè m nan pa t ap mouri.” Jezi di l: ‘Frè w la ap retounen viv ankò. Èske w kwè sa, Mat?’ Li di: ‘Mwen kwè l ap leve nan rezirèksyon an.’ Jezi di l: “Mwen se rezirèksyon an e mwen se lavi a.”

Se konsa, Mat al kot Mari, li di l: ‘Jezi vini wi.’ Mari kouri al kot Jezi, e foul moun yo te suiv li. Li lage kò l atè devan pye Jezi, e li pa t ka sispann kriye. Li di: ‘Seyè, si w te la, frè m nan t ap vivan toujou!’ Jezi te wè jan Mari t ap soufri, e li menm tou li te kòmanse kriye. Lè foul moun yo wè dlo nan je Jezi, yo di: ‘Ou wè jan Jezi te renmen Laza.’ Epoutan, gen kèk moun ki t ap mande tèt yo: ‘Poukisa li pa t sove zanmi l lan?’ Ki sa Jezi t apral fè?

Jezi t al nan tonm nan, e te gen yon gwo wòch ki te bare bouch tonm nan. Li te bay lòd, li di: ‘Woule wòch la, retire l la.’ Mat di: ‘Men, sa fè kat jou! Kò a dwe santi kounye a.’ Aktout sa, yo woule wòch la met sou kote, e Jezi te priye, li di: ‘Papa, mèsi dèske w tande m. Mwen konnen w toujou koute m, men, mwen pale fò pou moun ki la yo ka konnen se ou menm ki voye m.’ Epi, li di byen fò: “Laza, soti deyò!” Gen yon gwo bagay ki te rive: Laza soti nan tonm nan ak tout twal len ki te vlope kò l la. Jezi di: “Retire twal la sou li, epi kite l ale.”

Anpil nan moun ki te wè mirak sa a te vin gen lafwa nan Jezi. Men, gen kèk moun ki t al di Farizyen yo sa. Depi lè sa a, Farizyen yo te vle touye ni Laza ni Jezi. Jida Iskaryòt, youn nan 12 apot yo, t al kot Farizyen yo san pèsonn pa t konnen, li mande yo: ‘Konbyen kòb n ap peye m pou m ede nou pran Jezi?’ Yo te dakò y ap ba li 30 pyès monnen ann ajan, e Jida te kòmanse ap chèche yon okazyon pou l lage Jezi nan men Farizyen yo.

“Vrè Dye a se Bondye nou, se li ki delivre nou. Jewova, Seyè ki Souvren an, sove nou anba lanmò.” — Sòm 68:20.