Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 88

Yo arete Jezi

Yo arete Jezi

Jezi ak apot li yo te travèse Vale Kidwon an pou y al sou mòn Oliv. Li te minui pase, e lalin nan te plenn. Lè yo rive nan jaden Jetsemane, Jezi di yo: “Rete la, epi kontinye veye.” Jezi te antre pi fon nan jaden an, epi l met ajenou. Li te tris anpil, li te priye Jewova, li di: “Se pou volonte w fèt.” Epi, Jewova voye yon zanj vin ankouraje Jezi. Lè Jezi retounen kot apot yo, li wè y ap dòmi. Li di yo: ‘Leve! Se pa lè pou n ap dòmi! Lè a rive kote yo pral lage m nan men ènmi m yo.’

Yon ti tan annapre, Jida vin parèt, li te ansanm ak yon foul moun ki gen epe ak baton nan men yo. Li te konnen ki kote l t ap jwenn Jezi paske yo te konn abitye vin nan jaden sa a ansanm. Jida di sòlda yo l ap montre yo kiyès ki Jezi a. L al kot Jezi tou dwat, li di l: ‘Bonjou Anseyan,’ epi li bo l. Jezi di l: ‘Jida, èske w ap trayi m ak yon bo?’

Jezi avanse, epi l mande foul moun yo: “Ki moun n ap chèche?” Yo di: “Jezi, moun Nazarèt la.” Epi, Jezi reponn yo: “Se mwen menm.” Lè sa a, foul la fè bak e yo tonbe fas atè. Jezi mande foul la yon lòt fwa: “Ki moun n ap chèche?” Yon lòt fwa, yo di: “Jezi, moun Nazarèt la.” Jezi reponn yo: ‘Apa m di nou se mwen menm! Kite mesye yo ale.’

Lè Pyè wè sa k t ap pase a, li rale epe l, li koupe zòrèy Malkis, youn nan sèvitè gran prèt la. Men, Jezi te touche zòrèy mesye a epi l geri l. Apre sa, Jezi di Pyè: ‘Met epe w la yon kote. Si w sèvi ak epe pou w goumen, y ap touye w ak epe.’ Sòlda yo pran Jezi, yo mare men l, epi apot yo kouri ale. Apre sa, foul la mennen Jezi lakay Àn, prèt an chèf la. Àn poze Jezi kesyon, epi l voye l kay Kayif, gran prèt la. Men, ki sa k te rive apot yo?

“N ap gen tribilasyon nan monn nan, men pran kouraj! Mwen pot laviktwa sou monn nan.” — Jan 16:33.