Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 89

Pyè di li pa konn Jezi

Pyè di li pa konn Jezi

Lè Jezi te ansanm ak apot li yo nan chanmòt la, li te di yo: ‘Nou tout ap abandone m aswè a.’ Pyè di: ‘Sof mwen menm! Menmsi tout lòt yo abandone w, mwen pap janm abandone w.’ Men, Jezi di Pyè: ‘Anvan yon kòk chante, w ap di ou pa konnen m twa fwa.’

Lè sòlda yo mennen Jezi kay Kayif, pifò apot yo te kouri ale. Men, gen de ladan yo ki te suiv foul la. Pyè te youn ladan yo. Li te antre nan lakou kay Kayif la, e li t ap chofe kò l bò dife a. Limyè dife a te klere figi Pyè e gen yon sèvant ki te wè Pyè, epi li di l: ‘Mwen rekonèt ou! Ou te ansanm ak Jezi!’

Pyè di: ‘Non, mwen pa t avè l! Mwen pa konn sa w ap di a!’ L al bò pòtay kay la. Men, anvan lontan, yon lòt sèvant wè Pyè, li di gwoup moun yo: ‘Mesye sa a te avèk Jezi!’ Pyè di: ‘Mwen pa menm konn kiyès ki Jezi a!’ Gen yon mesye ki di: ‘Ou se youn ladan yo! Depi sou jan w pale mwen wè w se moun Galile menm jan ak Jezi.’ Men, Pyè sèmante: ‘Mwen pa konnen l!’

Menm kote a, yon kòk chante. Pyè wè Jezi ki vire gade l. Li vin sonje pawòl Jezi te di yo, epi li sot deyò a, li kriye anpil.

Pandan tan sa a, mesye yo nan Sanedren an te antann yo pou yo jije Jezi anndan kay Kayif la. Yo te gentan dakò pou yo touye Jezi. Men, kounye a, y ap chèche yon eskiz pou yo fè sa. Yo pa t ka jwenn anyen kont li. Alafen, Kayif mande Jezi: ‘Èske w se Pitit Gason Bondye a?’ Jezi di l: ‘Wi.’ Kayif di: ‘Nou pa bezwen lòt prèv ankò. Sa se manke Bondye dega!’ Mesye ki t ap jije l yo te dakò, epi yo di: ‘Nonm sa a merite mouri.’ Yo bay Jezi kalòt, yo krache sou li, yo bouche je l, yo frape l, epi yo di: ‘Si w se yon pwofèt, di nou kiyès ki frape w la!’

Lè l fin jou, yo mennen Jezi kote Sanedren an konn reyini an, epi yo mande l ankò: ‘Èske w se Pitit Bondye?’ Jezi reponn: ‘Se nou ki di se sa m ye.’ Lè sa a, yo di l koupab paske l pa gen respè pou Bondye e yo mennen l nan palè Pons Pilat, gouvènè women an. Ki sa k te vin pase annapre? N ap wè sa nan leson ki vin apre a.

“Lè a deja rive, [...] chak moun pral lakay yo, e n ap kite m poukont mwen. Men, mwen pa poukont mwen, paske Papa a ansanm avè m.” — Jan 16:32.