Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 92

Jezi parèt devan pechè pwason yo

Jezi parèt devan pechè pwason yo

Kèk tan apre Jezi te parèt devan apot yo, Pyè te deside al peche pwason nan Lanmè Galile. Toma, Jak, Jan ak kèk lòt disip te ale avè l. Yo pase tout nuit lan ap peche, men, yo pa t jwenn anyen.

Byen bonè nan demen maten, yo wè yon mesye ki kanpe bò lanmè a. Li rele yo, li di yo: ‘Èske nou pran pwason?’ Yo di l: “Non!” Mesye a di yo: “Lage filè a adwat bato a.” Lè yo fè sa, filè a te tèlman plen ak pwason, yo pa t ka rale l monte nan bato a. Menm kote a, Jan vin wè mesye a se Jezi, e li di: “Se Seyè a!” Lapoula, Pyè lage kò l nan dlo a e li naje al sou tè. Lòt disip yo te suiv li nan bato a.

Lè yo rive sou plaj la, yo wè gen pen ak pwason k ap kuit sou yon dife. Jezi di yo pou yo mete kèk nan pwason yo te pran yo sou sa li t ap boukannen yo. Apre sa, li di yo: ‘Vini pou nou manje.’

Apre yo fin manje, Jezi mande Pyè: ‘Èske w renmen m plis pase peche pwason?’ Pyè di: ‘Wi Seyè, ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: ‘Ebyen, bay ti mouton m yo manje.’ Jezi mande l ankò: ‘Pyè, èske w renmen m?’ Pyè di: ‘Seyè, ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: “Pran swen ti mouton m yo.” Jezi mande Pyè menm bagay la yon twazyèm fwa. Pyè vin santi l tris. Li di: ‘Seyè, ou konn tout bagay. Ou konnen m renmen w.’ Jezi di l: “Bay ti mouton m yo manje.” Apre sa li di Pyè: “Kontinye suiv mwen.”

“[Jezi] di yo: ‘Vin suiv mwen, e m ap fè nou vin pechè moun.’ Lamenm, yo abandone filè yo e yo suiv li.” — Matye 4:19, 20.