Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 93

Jezi retounen nan syèl

Jezi retounen nan syèl

Pandan Jezi te Galile, li te reyini ak disip li yo. Li te ba yo yon lòd ki enpòtan anpil, li te di: ‘Ale, epi fè disip pami moun tout peyi. Anseye yo sa m te anseye nou yo, epi batize yo.’ Apre sa, li fè yo yon pwomès, li di yo: ‘Sonje sa, m ap toujou avèk nou.’

Pandan 40 jou apre Jezi fin resisite, Jezi te parèt devan plizyè santèn nan disip li yo nan Galile ak Jerizalèm. Li te aprann yo anpil leson enpòtan e li te fè anpil mirak. Apre sa, Jezi reyini ak apot li yo pou yon dènye fwa sou Mòn Oliv, li di yo: ‘Pa kite Jerizalèm. Kontinye ret tann sa Papa a pwomèt la.’

Apot li yo pa t konprann sa l te vle di. Yo mande l: ‘Èske se kounye a w ap vin Wa Izrayèl?’ Jezi di yo: ‘Lè Jewova fikse pou m vin Wa a poko rive. Talè konsa, lespri sen pral ban nou pisans e nou pral sèvi m temwen. Al preche nan Jerizalèm, nan Jide ak nan Samari rive jis nan dènye bout tè a.’

Apre sa, Jezi monte nan syèl e yon nyaj vin bare l. Disip li yo te kontinye ap gade anlè, men yo te vin pa ka wè l ankò.

Disip li yo te kite Mòn Oliv e yo t al Jerizalèm. Yo te konn reyini nan yon chanmòt regilyèman pou yo priye. Yo t ap tann pou Jezi di yo sa pou yo fè.

“Yo pral preche bon nouvèl sa a konsènan Wayòm nan sou tout tè a, kòm yon temwayaj pou tout nasyon. Apre sa, lafen an ap vini.” — Matye 24:14.