Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 95

Anyen pa t ka fè yo sispann

Anyen pa t ka fè yo sispann

Gen yon mesye ki pa t ka mache ki te chita chak jou ap mande nan youn nan pòtay tanp lan. Yon aprèmidi, li te wè Pyè ak Jan k ap antre nan tanp lan. Li di yo: ‘Tanpri, lage yon bagay nan men m.’ Pyè di: ‘M ap ba w yon bagay ki pi bon pase lajan. Nan non Jezi, leve epi mache!’ Lè sa a, Pyè ede mesye a leve, e mesye a kòmanse mache! Moun ki te la yo te tèlman kontan lè yo wè mirak sa a, anpil nan yo te vin kretyen.

Men, prèt yo ak Sadiseyen yo te fache anpil. Yo pran apot yo, yo mennen yo nan tribinal, epi yo mande yo: ‘Kiyès ki ban nou pouvwa pou n geri mesye sa a?’ Pyè di: ‘Nou te resevwa pisans nan men Jezi Kris, sila a nou te touye a.’ Chèf relijye yo di byen fò: ‘Sispann pale de Jezi!’ Men, apot yo di: ‘Nou dwe pale de li. Nou pap sispann.’

Yo annik lage Pyè ak Jan, y al jwenn lòt disip yo e yo rakonte yo sa k te pase a. Yo priye ansanm, yo mande Jewova: ‘Tanpri, ede nou gen plis kouraj pou nou ka kontinye fè travay ou.’ Jewova te ba yo lespri sen e yo te kontinye preche e geri moun. Te vin gen pi plis moun toujou ki te vin kretyen. Sadiseyen yo te tèlman vin jalou, yo te arete apot yo e yo te lage yo nan prizon. Men, pandan nuit lan, Jewova te voye yon zanj vin ouvri pòt prizon an e zanj lan di apot yo: ‘Retounen nan tanp lan, epi anseye la.’

Nan demen maten, gen moun ki te vin pale ak gwoup chèf relijye ki te sèvi kòm jij nan pi gwo tribinal juif la, anpalan de Sanedren an, yo te di: ‘Prizon an fèmen toujou, men, mesye nou te arete yo pa ladan l ankò! Yo nan tanp lan, y ap anseye moun yo!’ Yo te arete apot yo ankò, epi yo mennen yo devan Sanedren an. Gran prèt la di yo: ‘Nou te ban nou lòd pou n sispann pale de Jezi.’ Men, Pyè reponn: “Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.”

Chèf relijye yo te tèlman fache yo te vle touye apot yo. Men, Gamalyèl, yon Farizyen, te leve kanpe, epi l di: ‘Atansyon! Petèt Bondye avèk mesye sa yo. Èske se toutbon nou vle batay ak Bondye?’ Yo te suiv konsèy li. Yo te bat apot yo ak kout baton, yo reba yo lòd pou yo sispann preche, e yo kite yo ale. Malgre sa, sa pa t fè apot yo sispann. Yo te kontinye preche bon nouvèl la avèk kran ni nan tanp lan, ni kay an kay.

“Se Bondye nou dwe obeyi antanke chèf, se pa lèzòm.” — Travay 5:29.