Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 99

Yon gadyen prizon aprann laverite

Yon gadyen prizon aprann laverite

Te gen yon tifi nan vil Filip ki te esklav e ki te gen yon demon sou li. Demon an te sèvi ak tifi a pou l fè moun konnen sa k pral rive yo. Konsa, tifi a te fè mèt li yo fè anpil lajan. Lè Pòl ak Silas te vin nan vil Filip, tifi a te suiv yo toupatou pandan plizyè jou. Demon an te fè tifi a di byen fò: “Mesye sa yo se esklav Bondye, Sila a ki nan pi gwo pozisyon an.” Alafen, Pòl di demon an: ‘Nan non Jezi, soti sou li!’ Epi, demon an soti sou tifi a.

Lè mèt li yo wè yo pa ka fè lajan avè l ankò, yo vin fache anpil. Yo mennen Pòl ak Silas al devan majistra yo, yo di: ‘Mesye sa yo pa respekte lalwa e y ap fè dezòd nan tout vil la!’ Majistra yo te bay lòd pou yo bat Pòl ak Silas, e pou yo mete yo nan prizon. Gadyen prizon an te mete yo nan kacho ki pi fon nan prizon an e li met pye yo nan blòk an bwa pou yo pa ka bouje.

Pòl ak Silas te chante louwanj pou Jewova e prizonye yo te tande yo k ap chante. Bridsoukou, nan mitan nuit lan, gen yon gwo tranblemanntè ki sakaje tout prizon an. Pòt prizon yo te ouvè, chenn ki te mare prizonye yo tonbe atè e blòk an bwa ki te nan pye yo te ouvri. Gadyen prizon an kouri antre nan prizon an e li wè pòt yo tou ouvè. Li te panse tout prizonye yo te sove, se sa k fè li te pran epe l pou l touye tèt li.

Menm moman an, Pòl di byen fò: ‘Pa fè tèt ou mal! Nou tout la!’ Gadyen prizon an kouri antre e li met ajenou devan Pòl ak Silas. Li mande yo: “Mesye, ki sa pou m fè pou m ka sove?” Yo di l: ‘Se pou ou menm ak tout moun lakay ou kwè nan Jezi.’ Apre sa, Pòl ak Silas anseye yo pawòl Jewova e gadyen prizon an ak tout moun lakay li te batize.

“Moun ap met men sou nou, y ap pèsekite nou, y ap livre nou nan sinagòg yo pou yo jije nou, y ap mete nou nan prizon e y ap trennen nou devan wa ak gouvènè poutèt non mwen. Sa ap ban nou okazyon pou nou bay temwayaj.” — Lik 21:12, 13.