Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

LESON 100

Pòl ak Timote

Pòl ak Timote

Timote te yon jèn frè nan kongregasyon Lis. Papa l te Grèk e manman l te Juif. Manman l, Enis, ak granmè l, Loyis, te aprann Timote kiyès Jewova ye depi l toupiti.

Lè Pòl te vizite Lis pandan dezyèm kanpay predikasyon l lan, li te wè Timote renmen frè yo anpil e Timote te vle ede yo. Pòl te envite Timote al avè l nan yon vwayaj li t apral fè. Tank tan t ap pase, Pòl te bay Timote fòmasyon pou l vin yon bon pwoklamatè e pou l byen anseye bon nouvèl la.

Lespri sen te gide Pòl ak Timote tout kote yo t ale. Yon jou swa, Pòl te resevwa yon vizyon kote l te wè yon mesye ki di l pou l vin Masedwàn pou l ede yo. Se sa k fè, Pòl, Timote, Silas ak Lik t al nan zòn nan pou yo preche e pou yo fè nouvo kongregasyon.

Nan Tesalonik, youn nan vil Masedwàn yo, te gen anpil gason ak anpil fi ki te vin kretyen. Men, gen kèk Juif ki te jalou Pòl ak moun ki te ak Pòl yo. Yo te rasanble yon gwo foul moun, yo te mennen yo bay dirijan yo, e yo t ap di byen fò: ‘Mesye sa yo se ènmi gouvènman women an!’ Pòl ak Timote te kouri al Bere nan aswè pou yo pa touye yo.

Moun Bere yo te kontan aprann bon nouvèl la e ni Grèk ni Juif te vin kretyen. Men, lè kèk Juif te sot nan vil Tesalonik pou yo vin bay pwoblèm, Pòl t al nan vil Atèn. Timote ak Silas te rete Bere pou yo ankouraje frè yo. Rive yon lè, Pòl te fè Timote retounen Tesalonik pou l te ka ede frè yo paske yo te anba gwo pèsekisyon nan zòn sa a. Annapre, Pòl te voye Timote al vizite anpil lòt kongregasyon pou l ankouraje yo.

Pòl te di Timote: ‘Tout moun ki vle sèvi Jewova ap jwenn pèsekisyon.’ Yo te pèsekite Timote e yo te mete l nan prizon pou lafwa l. Li te kontan paske l te gen okazyon pou l montre li fidèl ak Jewova.

Men sa Pòl te di kretyen nan vil Filip yo: ‘M ap voye Timote ban nou. Li pral montre nou ki jan yon moun k ap sèvi Jewova dwe viv, e li pral montre nou ki jan pou n fè travay predikasyon an.’ Pòl te konnen li te ka fè Timote konfyans. Yo te bon zanmi e yo te travay ansanm pandan anpil ane.

“Mwen pa gen pèsonn ki gen menm atitid avè l, pa gen pèsonn tankou l ki gen sousi pou nou toutbon. Paske, tout lòt moun yo ap chèche pwòp enterè yo, yo pap chèche enterè Jezi Kris.” — Filipyen 2:20, 21.