Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 2

Entwodiksyon pou seksyon 2

Poukisa Jewova te fè yon delij detwi monn nan epòk Noye a? Byen bonè nan istwa lèzòm, te gen yon konba ki te kòmanse, se te yon konba ant sa ki byen ak sa ki mal. Gen kèk moun ki te chwazi fè sa ki mal tankou Adan ak Èv ansanm ak Kayen, pitit gason yo. Gen kèk lòt moun tankou Abèl ak Noye ki te chwazi fè sa ki byen. Pifò moun te tèlman vin ap fè sa ki mal, Jewova te detwi monn mechan nan epòk la. Seksyon sa a ap aprann nou Jewova wè ki sa nou chwazi fè e li pap janm kite sa ki mal pot laviktwa sou sa ki byen.

NAN SEKSYON SA A

LESON 3

Adan ak Èv dezobeyi Bondye

Ki sa k te espesyal nan youn nan pyebwa nan jaden Edenn nan? Poukisa Èv te manje fwi pyebwa sa a?

LESON 4

Kòlè fè l touye frè l

Bondye te aksepte ofrann Abèl la, men li pa t aksepte ofrann Kayen an. Lè Kayen vin konn sa, li te vin fache anpil e li te fè yon bagay ki grav.

LESON 1

Lach Noye a

Lè zanj mechan yo te marye ak fi sou tè a, yo te fè yon seri pitit gason ki te jeyan ki te konn fè moun soufri. Te gen vyolans toupatou sou tè a. Men, Noye te diferan, li te renmen Bondye e li te obeyi Bondye.

LESON 6

Uit moun nan yon monn nouvo

Pandan delij la, lapli te fè 40 jou ak 40 nuit ap tonbe. Antou, Noye ak fanmi l te fè plis pase ennan nan lach la. Alafen, Bondye di yo te kapab soti.