Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 3

Entwodiksyon pou seksyon 3

Pandan plizyè ane ki te pase apre delij la, Bib la pa di si gen anpil moun ki t ap sèvi Jewova. Pami moun ki te konn sèvi Jewova yo, te gen Abraram, yon moun yo te vin konnen kòm zanmi Jewova. Poukisa yo te rele l zanmi Jewova? Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou konprann Jewova enterese avè l pèsonèlman e li vle ede l. Menm jan ak Abraram ak lòt moun ki te fidèl tankou Lòt ak Jakòb, nou mèt santi nou alèz pou n mande Jewova èd. Nou mèt gen konfyans Jewova ap respekte tout pwomès li fè.

NAN SEKSYON SA A

LESON 7

Gwo gwo bilding Babèl la

Gen moun ki te deside fè yon vil ak yon gwo gwo bilding kote tèt li t ap rive nan syèl la. Poukisa bridsoukou Bondye te fè yo pale lang diferan?

LESON 8

Abraram ak Sara te obeyi Bondye

Poukisa Abraram ak Sara te kite lavi yo t ap mennen nan vil Ou pou y ap plede deplase konsa nan peyi Kanaran?

LESON 9

Sara resi fè yon pitit!

Ki jan Bondye t ap reyalize pwomès li te fè Abraram nan? Kiyès nan pitit Abraram yo Bondye t ap itilize pou l reyalize pwomès li a, Izarak oswa Izmayèl?

LESON 10

Sonje madan Lòt

Bondye te fè dife ak souf tonbe sou Sodòm ak Gomò tankou lapli. Poukisa Bondye te boule de vil sa yo? Poukisa nou dwe sonje madan Lòt?

LESON 11

Yon eprèv pou lafwa yo

Men sa Bondye te di Abraram: ‘Tanpri, pran sèl pitit gason w lan, epi bay li kòm sakrifis sou yon mòn nan peyi Morija.’ Ki jan Abraram t apral reyaji devan eprèv sa a pou lafwa l?

LESON 12

Eritaj la te vin pou Jakòb

Izarak ak Rebeka te gen de pitit gason ki te jimo. Lefètke Ezaou te fèt an premye, li te dwe gen yon eritaj espesyal. Poukisa li te bay li pou yon bòl bouyon?

LESON 13

Jakòb ak Ezaou fè lapè

Ki jan Jakòb te fè jwenn yon benediksyon nan men yon zanj? E ki jan l te fè lapè ak Ezaou?