Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 4

Entwodiksyon pou seksyon 4

Nan seksyon sa a, nou pral fè konesans ak Jozèf, Jòb, Moyiz ak Izrayelit yo. Yo tout te soufri anpil anba men Dyab la. Genyen yo te fè enjistis, genyen ki t al nan prizon, ki te vin esklav e ki te menm pèdi lavi yo. Epoutan, Jewova te pwoteje yo plizyè fason. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou konprann ki jan sèvitè Jewova sa yo te soufri anpil san yo pa t pèdi lafwa.

Jewova te fè dis malè tonbe sou tout dye nan peyi Ejip yo pou l montre li gen plis pouvwa pase yo. Montre ki jan Jewova te pwoteje pèp li a nan tan lontan e ki jan l fè sa nan epòk nou an.

NAN SEKSYON SA A

LESON 14

Yon esklav ki te obeyi Bondye

Byenke Jozèf te fè sa ki dwat, sa pa t anpeche l soufri anpil. Poukisa?

LESON 15

Jewova pa t janm bliye Jozèf

Malgre Jozèf te lwen fanmi l, Bondye te avè l.

LESON 16

Kiyès Jòb te ye?

Li te obeyi Jewova menm lè sa te difisil.

LESON 17

Moyiz chwazi adore Jewova

Lè Moyiz te tibebe, se grasa taktik manman l ki fè li pa t mouri.

LESON 18

Yon pye pikan ki gen dife ladan l

Poukisa dife a pa t boule pye pikan an?

LESON 19

Twa premye flewo yo

Farawon te rale malè sou pèp li a paske li te tèlman gen ògèy, li pa t vle fè yon bagay ki tou senp.

LESON 20

Sis flewo ki te vin apre yo

Sa k fè flewo sa yo pa t menm ak twa premye yo?

LESON 21

Dizyèm flewo a

Flewo sa a te tèlman rèd, menm Farawon, yon moun ki te awogan, te oblije fè bak.

LESON 22

Mirak ki te fèt nan Lanmè Wouj la

Farawon te wè toule dis flewo yo, men, èske l te chape vivan devan mirak sa a Bondye te fè a?