Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 5

Entwodiksyon pou seksyon 5

De mwa apre Izrayelit yo te fin travèse Lanmè Wouj, yo te rive bò Mòn Sinayi. Se la Jewova te fè yon alyans avèk yo pou yo vin yon nasyon espesyal pou li. Li te pwoteje yo e l te ba yo tout sa yo bezwen, tankou lamàn pou yo manje, yon kote pou yo rete an sekirite, e l te fè rad sou yo pa janm blaze. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou konprann rezon ki fè Jewova te bay Izrayelit yo Lalwa, tabènak la ak prèt pou fè sèvis li. Montre l enpòtans pou n kenbe pawòl nou, pou n pa sispann gen imilite e pou n toujou ret fidèl ak Jewova.

NAN SEKSYON SA A

LESON 23

Yo fè Jewova yon pwomès

Izrayelit yo te fè Bondye yon pwomès espesyal lè yo te monte kan yo devan Mòn Sinayi.

LESON 24

Yo pa t kenbe pwomès yo

Pandan Bondye t ap bay Moyiz Dis Kòmandman yo, pèp la te fè yon peche ki grav anpil.

LESON 25

Yon tabènak pou yo adore Bondye

Se nan tant espesyal sa a lach alyans lan te ye.

LESON 26

Douz espyon

Jozye ak Kalèb te diferan ak dis lòt espyon ki t al Kanaran yo.

LESON 27

Yo te leve kont Jewova

Kora, Datan, Abiram ak 250 mesye yo ki pa t rive konprann yon bagay enpòtan sou Jewova.

LESON 28

Bourik Balaam nan pale

Bourik la te wè yon moun Balaam pa t ka wè.