Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 6

Entwodiksyon pou seksyon 6

Lè Izrayelit yo te rive nan peyi Jewova te pwomèt yo a, se nan tabènak la yo te konn vin adore Jewova nan peyi a. Prèt yo te la pou anseye Lalwa e jij yo t ap gide nasyon an. Seksyon sa a pral montre gwo efè desizyon yon moun pran ak aksyon l fè ka gen sou lòt moun. Chak Izrayelit te dwe pran responsablite yo devan Jewova e devan lòt moun. Montre ki enfliyans Debora, Nawomi, Jozye, Ana, pitit fi Jefte a ak Samyèl te gen sou moun nan zòn kote yo t ap viv la. Montre ki jan menm moun ki pa t Izrayelit tankou Rahab, Rit, Jayèl ak moun Gabawon yo te deside kolabore ak Izrayelit yo paske yo te konnen Bondye te avèk yo.

NAN SEKSYON SA A

LESON 29

Jewova chwazi Jozye

Bondye te bay Jozye enstriksyon ki ka itil nou jodi a tou.

LESON 30

Rahab kache espyon yo

Miray Jeriko yo te vide atè, men kay Rahab la te rete la malgre li te fèt nan miray la.

LESON 31

Jozye ak moun Gabawon yo

Jozye te priye Bondye, e li te mande l: “Solèy, rete la!” Èske Bondye te reponn li?

LESON 32

Yon nouvo chèf ak de medam ki gen kran

Apre lanmò Jozye, Izrayelit yo te kòmanse adore zidòl. Lavi a te vin di. Men, yo te vin jwenn èd grasa jij Barak, Debora, fi ki te pwofèt la, ak Jayèl ansanm ak pikèt tant li an!

LESON 33

Rit ak Nawomi

De fi ki te vèv te retounen ann Izrayèl. Youn nan medam yo ki te rele Rit t al travay nan jaden, e se la Bowaz te wè l.

LESON 34

Jedeyon bat moun Madyan yo

Moun Madyan yo te fè pèp Izrayèl la soufri anpil, e pèp la te sipliye Jewova pou l ede yo. Ki jan ti lame Jedeyon an t ap rive bat 135000 sòlda ènmi?

LESON 35

Ana mande Bondye yon tigason

Èlkana mennen Ana, Penina ak pitit li yo al adore Jewova nan Silo, nan tabènak la. Pandan yo lòtbò a, Ana priye Jewova pou l gen yon pitit gason. Yon ane apre, Samyèl vin fèt!

LESON 36

Pwomès Jefte te fè a

Ki pwomès Jefte te fè, e poukisa? Ki jan pitit fi Jefte a te reyaji lè l te tande pwomès papa l te fè a?

LESON 37

Jewova pale ak Samyèl

De pitit gason gran prèt Eli yo t ap sèvi kòm prèt nan tabènak la, men, yo pa t obeyi lwa Bondye yo. Ti Samyèl te diferan. Yon jou swa, Jewova te pale ak Samyèl.

LESON 38

Jewova te bay Samson anpil fòs

Bondye te bay Samson anpil fòs pou l te ka batay ak moun Filisti yo. Men, lè Samson te pran yon move desizyon, moun Filisti yo te pran l.