Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 7

Entwodiksyon pou seksyon 7

Nan seksyon sa a, n ap jwenn istwa lavi wa Sayil ak wa David. Li kouvri yon peryòd ki dire anviwon 80 ane. Okòmansman, Sayil te gen imilite ak lakrentif pou Bondye. Men, anvan lontan, li te vin chanje e li te refize suiv lòd Jewova bay. Jewova te rejte Sayil e rive yon lè, li te mande Samyèl pou l al vide luil sou tèt David antanke pwochen wa Izrayèl. Sayil te jalou e l te chèche touye David plizyè fwa. Men, David pa t janm vanje tèt li. Jonatan, pitit gason Sayil, te fidèl ak David paske l te konnen se David Jewova chwazi. David te fè kèk peche grav. Men, li te toujou aksepte disiplin Jewova. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou wè enpòtans pou l toujou soutni dispozisyon Bondye pran.

NAN SEKSYON SA A

LESON 39

Premye wa Izrayèl

Bondye te bay Izrayelit yo jij pou gide yo. Men, yo te mande yon wa. Samyèl te vide luil sou tèt Sayil pou montre se li menm Bondye chwazi kòm premye wa. Men, annapre, Jewova pa t vle Sayil kòm wa ankò. Sa k te fè sa?

LESON 40

David ak Golyat

Jewova te chwazi David pou l vin pwochen wa ann Izrayèl, e David montre Bondye te byen chwazi.

LESON 41

David ak Sayil

Poukisa gen youn nan mesye sa yo ki te rayi lòt la, e ki jan lòt la te reyaji?

LESON 42

Jonatan te brav e l te fidèl

Pitit gason wa a vin bon zanmi David.

LESON 43

Peche wa David te fè a

Yon move desizyon ki te lakòz anpil pwoblèm.