Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 8

Entwodiksyon pou seksyon 8

Jewova te beni Salomon, li te ba l anpil sajès e li te ba l privilèj pou l fè tanp lan. Men, tikras pa tikras, Salomon te kite Jewova. Si w se yon papa oswa yon manman, esplike pitit ou ki jan moun ki t ap adore fo dye yo te fè Salomon vire do bay Bondye. Wayòm nan te divize, anpil wa mechan te fè pèp la kite Jewova e yo te fè yo tonbe nan adore zidòl. Pandan epòk sa a, yo te pèsekite anpil pwofèt Jewova ki te fidèl e yo te touye yo. Rèn Jezabèl te fè moun nan wayòm nò a vire do bay Jewova pi plis toujou. Se te yon epòk difisil nan istwa pèp Izrayèl la. Men, te toujou gen anpil Izrayelit ki t ap sèvi Jewova, tankou wa Jozafa ak pwofèt Eli.

NAN SEKSYON SA A

LESON 44

Yon tanp pou Jewova

Bondye te aksepte demann Salomon an e li te ba l anpil gwo privilèj.

LESON 45

Yon wayòm ki divize

Anpil Izrayelit sispann sèvi Jewova.

LESON 46

Yon defi sou Mòn Kamèl

Kiyès ki vrè Dye a? Jewova oswa Baal?

LESON 47

Jewova te bay Eli fòs

Èske w panse l ap ede w tou?

LESON 48

Pitit gason yon vèv resisite

De mirak fèt nan menm kay la!

LESON 49

Yo pini yon rèn ki mechan

Jezabèl fè konplo pou l touye Nabòt pou l ka pran jaden rezen l! Se sèten Jewova wè jan l mechan e jan li renmen fè enjistis.

LESON 50

Jewova defann Jozafa

Jozafa, yon bon wa, te priye Bondye lè nasyon ènmi yo te menase Jida.