Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 9

Entwodiksyon pou seksyon 9

Nan seksyon sa a, nou pral aprann ki jan kèk moun ki te jèn, kèk pwofèt ak kèk wa te montre yo gen yon gwo lafwa nan Jewova. Te gen yon tifi izrayelit nan peyi Siri ki te kwè pwofèt Jewova a te kapab geri Naaman. Pwofèt Elize te gen konfyans total Jewova t ap pwoteje l kont yon lame ènmi. Jewoyada, yon gran prèt, te riske lavi l pou l pwoteje ti Jewowas pou Atali, granmè l ki te mechan, pa touye l. Wa Ezekyas te gen konfyans Jewova t ap delivre Jerizalèm. Se sa k fè, li pa t kite menas moun peyi Asiri yo fè l fè bak. Wa Jozyas te elimine idolatri nan peyi a, li te fè reparasyon nan tanp lan e l te fè nasyon an retounen nan vrè adorasyon an.

NAN SEKSYON SA A

LESON 51

Yon sòlda ak yon tifi

Yon tifi izrayelit pale ak mètrès li sou gwo pouvwa Jewova genyen, e yon mirak te vin fèt.

LESON 52

Lame Jewova a tankou flanm dife

Fason sèvitè Elize a te rive wè ‘kantite moun ki avèk nou an plis pase kantite ki avèk yo’ a.

LESON 53

Jewoyada te gen kouraj

Yon prèt ki te fidèl te kanpe anfas yon rèn ki te mechan.

LESON 54

Jewova te pran pasyans ak Jonas

Ki jan yon gwo pwason te fè vale youn nan pwofèt Bondye yo? Ki jan pwofèt la te fè sot nan vant pwason an? Ki leson Jewova te ba li?

LESON 55

Zanj Jewova a te pwoteje Ezekyas

Ènmi Jida yo di Jewova pap pwoteje pèp li a, men, yo twonpe yo!

LESON 56

Jozyas te renmen Lwa Bondye a

Jozyas te vin wa lè l te gen uitan, e l te ede pèp li a adore Jewova.