Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 10

Entwodiksyon pou seksyon 10

Jewova ap dirije antanke Wa sou tout sa ki egziste. Li te toujou gen kontwòl tout bagay e l ap toujou gen kontwòl tout bagay. Pa egzanp, li te delivre Jeremi nan yon twou yo te lage l pou l mouri. Li te delivre Chadrak, Mechak ak Abèdnego nan yon founèz dife e l te delivre Dànyèl anba bouch lyon. Jewova te pwoteje Estè pou Estè te ka delivre tout nasyon l lan nèt. Li pap pèmèt mechanste kontinye fèt pou toutan. Pwofesi ki gen rapò ak gwo estati a ak kokennchenn pyebwa a ban nou garanti, talè konsa, Wayòm Jewova a pral elimine tout kalite mechanste e l pral dirije tè a.

NAN SEKSYON SA A

LESON 57

Jewova voye Jeremi al preche

Pawòl jèn pwofèt sa a te di te fè ansyen nan Jida yo fache anpil.

LESON 58

Yo detwi Jerizalèm

Moun peyi Jida yo kontinye ap adore fo dye, se sa k fè Jewova te abandone yo.

LESON 59

Kat tigason ki te obeyi Jewova

Kèk jèn moun Jida te pran detèminasyon pou yo ret fidèl ak Jewova menm lè yo te nan palè Nebikadneza a, nan Babilòn.

LESON 60

Yon Wayòm k ap la pou toutan

Dànyèl esplike ki sa rèv dwòl Nebikadneza te fè a vle di.

LESON 61

Yo pa t bese devan estati a

Chadrak, Mechak ak Abèdnego refize adore estati annò wa Babilòn nan.

LESON 62

Yon wayòm ki tankou yon gwo pyebwa

Rèv Nebikadneza te fè a te anonse sa k t apral rive l.

LESON 63

Pawòl ki sou mi an

Ki lè pawòl dwòl sa a te parèt e ki sa l te vle di?

LESON 64

Dànyèl nan yon twou lyon

Priye Jewova chak jou menm jan ak Dànyèl!

LESON 65

Estè sove pèp li a

Byenke Estè te yon etranje, li te san manman e l te san papa, li te vin yon rèn.

LESON 66

Esdras te anseye Lwa Bondye

Apre Izrayelit yo te fin koute Esdras, yo te fè Bondye yon pwomès espesyal.

LESON 67

Miray Jerizalèm yo

Neyemi te aprann ènmi l yo t apral atake. Sa k fè l pa t pè?