Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 12

Entwodiksyon pou seksyon 12

Jezi te anseye moun yo konsènan Wayòm syèl la. Mete sou sa, li te anseye yo pou yo priye pou non Bondye vin sen, pou Wayòm li an vini e pou volonte l fèt sou tè a. Si w se yon papa oswa yon manman, esplike pitit ou ki jan lapriyè enpòtan pou nou. Jezi pa t kite Satan kraze fidelite l. Jezi te chwazi apot li yo e yo te vin premye moun ki te gen yon wòl enpòtan nan Wayòm li an. Gade ki jan Jezi te chofe pou vrè adorasyon an. Piske Jezi te vle ede lòt moun, li te geri moun ki malad, li te bay moun ki grangou manje, e l te menm leve moun ki mouri. Grasa tout mirak li te fè yo, li te montre ki sa Wayòm nan pral fè pou lèzòm.

NAN SEKSYON SA A

LESON 74

Jezi vin tounen Mesi a

Ki sa Jan te vle di lè l te di Jezi se Ti Mouton Bondye a?

LESON 75

Dyab la teste Jezi

Dyab la teste Jezi twa fwa. Èske w konn twa tantasyon li te met devan Jezi yo? Ki jan Jezi te reyaji?

LESON 76

Jezi pwòpte tanp lan

Poukisa Jezi met bèt yo deyò nan tanp lan e poukisa l te chavire tab moun ki t ap chanje lajan yo?

LESON 77

Dam ki te bò pi a

Yon dam ki moun Samari sezi wè Jezi pale avè l. Poukisa? Ki sa Jezi te di l li pa t janm di pèsonn anvan sa?

LESON 78

Jezi preche mesaj Wayòm nan

Jezi envite kèk nan disip li yo pou yo vin “pechè moun”. Annapre, li bay 70 ladan yo fòmasyon pou yo preche yon mesaj ki se yon bon nouvèl.

LESON 79

Jezi fè anpil mirak

Tout kote Jezi ale, moun malad te vin chèche èd nan men l e li te geri yo. Li te menm leve yon tifi ki te mouri.

LESON 80

Jezi chwazi 12 apot li yo

Poukisa li te chwazi yo? Èske w sonje non yo?

LESON 81

Diskou Jezi te bay sou mòn nan

Jezi k ap anseye yon foul moun yon seri leson ki enpòtan.

LESON 82

Jezi montre disip li yo ki jan pou yo priye

Ki bagay konsa Jezi te montre disip li yo pou yo mande Bondye lè y ap priye?

LESON 83

Jezi bay plizyè milye moun manje

Ki sa mirak sa a aprann nou sou Jezi ak Jewova?

LESON 84

Jezi mache sou dlo

Èske w ka imajine ki jan apot yo te santi yo lè yo te wè mirak sa a?

LESON 85

Jezi geri moun nan jou saba a

Poukisa se pa tout moun ki te kontan wè sa Jezi t ap fè yo?

LESON 86

Jezi resisite Laza

Lè Jezi wè Mari ap kriye, li te kòmanse kriye tou. Men, yo te vin kontan annapre.