Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 13

Entwodiksyon pou seksyon 13

Jezi te vin sou tè a pou l bay lavi l pou moun ki konn fè peche. Byenke li te mouri, li te pot laviktwa sou monn nan. Jewova te montre l fidèl ak Pitit li a e li te ba l lavi ankò. Pandan tout lavi Jezi, li te sèvi lòt moun avèk imilite e l te padone yo lè yo fè erè. Apre Jezi te fin resisite, li te parèt devan disip li yo. Li te anseye yo fason pou yo fè travay enpòtan li te ba yo fè a. Si w se yon papa oswa yon manman, ede pitit ou konprann nou dwe patisipe nan menm travay sa a tou jodi a.

NAN SEKSYON SA A

LESON 87

Dènye Soupe Jezi ak disip li yo

Jezi bay apot yo yon seri enstriksyon enpòtan pandan dènye soupe li te pran avèk yo a.

LESON 88

Yo arete Jezi

Jida Iskaryòt mennen yon gwo foul moun ki gen epe ak lans nan men yo al arete Jezi.

LESON 89

Pyè di li pa konn Jezi

Ki sa k te rive nan lakou kay Kayif la? E ki sa k te rive Jezi anndan kay la?

LESON 90

Jezi mouri Gòlgota

Poukisa Pilat te bay lòd pou yo touye Jezi?

LESON 91

Jezi resisite

Ki gwo bagay ki te rive kèk jou apre yo te touye Jezi?

LESON 92

Jezi parèt devan pechè pwason yo

Ki sa Jezi te fè pou l fè yo wè l?

LESON 93

Jezi retounen nan syèl

Anvan Jezi monte nan syèl, li te bay disip li yo kèk enstriksyon ki enpòtan.