Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

Entwodiksyon pou seksyon 14

Entwodiksyon pou seksyon 14

Premye kretyen yo te gaye bon nouvèl Wayòm nan rive nan zòn ki pi lwen sou tè a. Jezi te di yo kote pou yo preche e, grasa yon mirak, li te pèmèt yo pale lang moun yo t ap anseye yo te pale. Jewova te ba yo kran ak pisans pou yo venk gwo pèsekisyon.

Nan yon vizyon, Jezi te fè apot Jan wè glwa Jewova. Nan yon lòt vizyon, Jan te wè Wayòm syèl la pote laviktwa sou Satan e li te mete fen nan dominasyon Satan an pou toutan. Jan te wè Jezi k ap dirije antanke Wa ansanm ak 144 000 moun k ap dirije avè l. Epitou, Jan wè tout tè a tounen yon paradi kote tout moun ap adore Jewova nan lapè ak nan tèt ansanm.

NAN SEKSYON SA A

LESON 94

Disip yo resevwa lespri sen

Ki pouvwa lespri sen te bay disip yo?

LESON 95

Anyen pa t ka fè yo sispann

Kounye a, chèf relijye ki te fè touye Jezi yo ap chèche fè disip li yo sispann preche. Men, yo pa t kapab.

LESON 96

Jezi chwazi Sòl

Sòl te yon ènmi ki te konn fè vyolans sou kretyen yo, men, sa t apral chanje.

LESON 97

Kònèy resevwa lespri sen

Poukisa Bondye voye Pyè lakay mesye sa a ki pa yon Juif?

LESON 98

Moun nan anpil nasyon vin kretyen

Apot Pòl ak lòt misyonè ki te avè l yo te preche nan zòn ki lwen anpil.

LESON 99

Yon gadyen prizon aprann laverite

Ki rapò yon demon, yon tranblemanntè ak yon epe genyen ak istwa sa a?

LESON 100

Pòl ak Timote

De mesye yo te bon zanmi e yo te travay ansanm pandan anpil ane.

LESON 101

Jezi voye Pòl al Wòm

Vwayaj la te chaje ak danje, men, anyen pa t ka ralanti apot sa a.

LESON 102

Revelasyon Jan te resevwa a

Jezi te ba l yon seri vizyon sou sa k pral rive alavni.

LESON 103

“Se pou Wayòm ou an vini”

Revelasyon Jan te resevwa a montre jan Wayòm Bondye a pral chanje lavi sou tè a.