Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 12

Gran Dye, Jewova

Gran Dye, Jewova

(Egzòd 34:6, 7)

  1. 1. Gran Dye, Jewova, ou diy pou’n louwe’w.

    Wi, ou merite tout glwa,

    Ou montre’w s’on bon Papa.

    Ou chaje lanmou, ou bon e ou jis,

    O Bondye, w’ap toujou la.

  2. 2. Ou gen kè sansib, ou byen pran swen nou.

    Malgre nou tout se pousyè,

    Ou tande priyè nou fè.

    Chak jou’w pran ka nou, ou anseye nou.

    Ou ede nou viv anpè.

  3. 3. Ni zanj, ni lèzòm ap ba ou louwanj.

    Nou kontan leve vwa nou

    Pou’n di’w jan nou renmen ou.

    Gran Dye, Jewova, tanpri, aksepte

    Louwanj n’ap ba ou chak jou.