Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 20

Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

Ou bay Pitit Gason ou renmen anpil la pou nou

(1 Jan 4:9)

  1. 1. Jewova, bon Papa,

    Pa’t gen espwa pou nou,

    Men, grasa ranson an

    Nou vin gen espwa.

    Nou ba ou lavi nou,

    Tout nou menm se pou ou.

    N’ap di moun volonte’w

    Gen pou’l fèt sou tè a.

    (REFREN)

    Ou bay Pitit ou a!

    Nou vle chante chak jou

    Pou’n louwe’w, poutèt ou bay

    Pitit ou renmen an pou nou.

  2. 2. Bonte ou, lanmou ou,

    Fè nou vin pi pwòch ou.

    Louwe non’w, vin zanmi’w,

    Se sa’k fè’n plezi.

    Men, pi gwo kado a

    Se Kris, Pitit ou a.

    Ou voye’l bay lavi’l

    Pou nou ka gen lavi.

    (REFREN)

    Ou bay Pitit ou a!

    Nou vle chante chak jou

    Pou’n louwe’w, poutèt ou bay

    Pitit ou renmen an pou nou.

    (DÈNYE PAWÒL)

    Jewova, bon Papa, n’ap priye’w ak tout kè’n,

    N’ap ba’w glwa poutèt ou bay Pitit ou a pou nou.

(Gade tou Jan 3:16; 15:13.)