Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 45

Meditasyon mwen fè nan kè m

Meditasyon mwen fè nan kè m

(Sòm 19:14)

  1. 1. O Jewova, mwen ta renmen

    Pou refleksyon m’ap fè nan kè’m

    Toujou fè kè’w kontan, Seyè,

    E pou’l ede mwen kenbe fèm.

    Lè enkyetid vle anvayi’m,

    E lè yo anpeche’m dòmi,

    Se sou ou mwen vle medite,

    E sou tout sa k’ap fè’w plezi.

  2. 2. Mwen vle pran tan pou’m medite

    Sou tout sa ki bon e ki vrè,

    Sou tout sa ki pwòp e ki sen.

    Panse konsa ap fè’m anpè.

    Panse’w yo twòp pou’m konte yo,

    Se pa ti bon yo bon pou mwen!

    M’ap medite sou pawòl ou,

    Yo nan lespri’m tout lajounen.