Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 50

Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m

Priyè mwen fè pou m bay Bondye lavi m

(Matye 22:37)

  1. 1. Men kè mwen, pran li souple,

    Pou’m renmen laverite.

    Pran vwa mwen pou’l ka ba’w glwa,

    Pou’l chante pou ou ki Wa.

  2. 2. Pran pye mwen, e pran men’m tou,

    Pou yo ka sèvi’w chak jou.

    Pran lajan’m ak byen’m genyen,

    Mwen ba’w yo ak tout kè mwen.

  3. 3. Pran lavi’m, pran mwen tanpri,

    Pou’m ka viv ann amoni

    Ak sa’w vle, san’m pa devye,

    E pou’m fè’w plezi, Bondye.