Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 56

Viv ak verite

Viv ak verite

(Pwovèb 3:1, 2)

  1. 1. Pi bon chemen an se chemen laverite,

    Men, pèsonn pa ka suiv li pou ou.

    Tout sa Bondye di se verite, fò’w koute.

    L’ap toujou beni’w anretou.

    (REFREN)

    Viv ak verite,

    Kite’l gide tout lavi’w.

    E konsa, w’ap gen

    Lajwa Bondye bay

    Lè moun viv ak verite.

  2. 2. Si’w bay tout ou menm pou’w fè travay Wayòm nan,

    Wi, si’w zele pou’w sèvi Bondye,

    W’ap jwenn gwo byenfè avèk anpil kè kontan,

    E w’ap viv pou letènite.

    (REFREN)

    Viv ak verite,

    Kite’l gide tout lavi’w.

    E konsa, w’ap gen

    Lajwa Bondye bay

    Lè moun viv ak verite.

  3. 3. Devan Jewova, nou tout se timoun piti,

    Nou bezwen konsèy ak direksyon.

    Mache ak Bondye chak jou kòm de bon zanmi,

    W’ap jwenn anpil benediksyon.

    (REFREN)

    Viv ak verite,

    Kite’l gide tout lavi’w.

    E konsa, w’ap gen

    Lajwa Bondye bay

    Lè moun viv ak verite.