Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 59

Louwe Bondye!

Louwe Bondye!

(Sòm 146:2)

  1. 1. Louwe Bondye!

    Chante pou li!

    Tout sa li fè, sa’l ban nou, fè’n plezi.

    N’ap beni non’l,

    Wi, toulejou.

    Li Toupisan, men li chaje lanmou.

    N’ap fè konn non’l e n’ap louwe’l chak jou.

  2. 2. Louwe Bondye!

    Se pou’n sonje

    Li pran swen nou, lè’n priye’l li tande.

    Tout moun ki fèb

    Mèt gen konfyans

    Lespri’l ap ba yo fòs ann abondans.

    N’ap fè konnen li gen anpil pisans.

  3. 3. Louwe Bondye!

    Li bon, li jis.

    Si nou fè’l konfyans, lavi nou pap tris.

    Li pral met lòd,

    L’ap met lapè.

    Wayòm li an pral beni tout latè.

    Ann louwe’l ak kè kontan, ak respè.