Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 61

Annavan, nou menm Temwen!

Annavan, nou menm Temwen!

(Lik 16:16)

  1. 1. Temwen yo djanm e yo byen detèmine.

    Nan tan lafen an, y’ap defann laverite.

    Dyab la ap chèche ba yo pwoblèm,

    Men, avèk èd Jewova y’ap kenbe fèm.

    (REFREN)

    Temwen Bondye annavan, montre nou pa pè!

    Nan travay li a, n’ap patisipe, nou fyè!

    Mache fè konnen Paradi a vin pi pre,

    Benediksyon’l ap rive toutbonvre.

  2. 2. Pèp Bondye a pa dèyè lavi fasil,

    Yo pa suiv monn nan ak lespwa y’ap viv trankil.

    Konsa, yo pa kite’l tache yo,

    Yo fidèl, y’ap travay pou viv san defo.

    (REFREN)

    Temwen Bondye annavan, montre nou pa pè!

    Nan travay li a, n’ap patisipe, nou fyè!

    Mache fè konnen Paradi a vin pi pre,

    Benediksyon’l ap rive toutbonvre.

  3. 3. Mechan yo pran mesaj Wayòm nan pou jwèt.

    Gran non Jewova, yo refize rekonèt.

    Se yon non tout moun dwe respekte.

    Wè pa wè, n’ap bay mesaj la tout kote.

    (REFREN)

    Temwen Bondye annavan, montre nou pa pè!

    Nan travay li a, n’ap patisipe, nou fyè!

    Mache fè konnen Paradi a vin pi pre,

    Benediksyon’l ap rive toutbonvre.