Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 64

Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

Annou patisipe nan rekòt la ak kè kontan

(Matye 13:1-23)

  1. 1. N’ap viv nan yon moman san parèy,

    Nou g’on privilèj espesyal.

    Jaden yo pare pou’n rekòlte,

    Nou dwe travay di, se nòmal.

    Jezi Kris, pi bèl egzanp nou an,

    Ap dirije gwo travay sa’.

    Ala kontan’n kontan travay chak jou

    Pou’n bay koutmen nan rekòt la.

  2. 2. Lanmou pou Bondye ak pwochen nou

    Fè’n aji vit, san ralanti.

    Preche ak anseye vin ijan,

    S’on travay ki pa lwen fini.

    Jewova Dye beni nou anpil,

    Li fè’n jwenn bonjan kè kontan.

    Lafwa ban nou fòs pou nou andire

    Nan preche mesaj Wayòm nan.