Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 67

“Preche Pawòl la”

“Preche Pawòl la”

(2 Timote 4:2)

  1. 1. Bondye bay lòd, nou dwe aji.

    Li konfye nou yon misyon pou’n ranpli.

    Nou tout dwe pare pou’n fè konnen

    Bèl esperans nou genyen pou demen.

    (REFREN)

    Ann al preche!

    Pou tout moun kapab tande,

    Ann preche!

    Lafen an pa lwen rive.

    Ann preche!

    Moun ki vle yo ap konprann,

    Ann preche

    San’n pa sispann.

  2. 2. Ap gen moman ki difisil,

    Opozan yo pap kite nou trankil.

    E menmsi moun yo endiferan,

    Jewova ban’n fòs pou’n preche ak kran.

    (REFREN)

    Ann al preche!

    Pou tout moun kapab tande,

    Ann preche!

    Lafen an pa lwen rive.

    Ann preche!

    Moun ki vle yo ap konprann,

    Ann preche

    San’n pa sispann.

  3. 3. Gen lòt lè n’ap preche anpè,

    N’ap fè konnen sa Bondye gen pou’l fè.

    N’ap preche mesaj delivrans lan,

    N’ap pwoklame non Jewova ki gran.

    (REFREN)

    Ann al preche!

    Pou tout moun kapab tande,

    Ann preche!

    Lafen an pa lwen rive.

    Ann preche!

    Moun ki vle yo ap konprann,

    Ann preche

    San’n pa sispann.