Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 71

Nou se lame Jewova!

Nou se lame Jewova!

(Efezyen 6:11-14)

  1. 1. Nou se lame Jewova,

    E Kris se chèf nou.

    Menmsi Satan rayi nou,

    Nou pap fè bak ditou.

    N’ap preche e nou fidèl,

    Nou sou tout latè.

    Nou byen detèmine,

    Epi nou pa pè.

    (REFREN)

    Nou se lame Jewova,

    N’ap suiv tras Jezi.

    Nou kontan fè konnen

    “Wayòm nan tabli.”

  2. 2. Nou se sèvitè Bondye,

    N’ap preche pou li.

    N’ap chèche moun ki sensè,

    Sila yo k’ap jemi.

    Nou chèche anseye yo,

    Nou rann yo vizit.

    Grasa reyinyon yo,

    Y’ap pwogrese vit.

    (REFREN)

    Nou se lame Jewova,

    N’ap suiv tras Jezi.

    Nou kontan fè konnen

    “Wayòm nan tabli.”

  3. 3. Nou se lame Jewova

    Kris ap kòmande.

    Nou ret nan plas nou byen djanm,

    E nou byen ekipe.

    Men nou dwe toujou pridan

    Pou’n ret yon modèl.

    Menm lè’n devan danje,

    N’ap rete fidèl.

    (REFREN)

    Nou se lame Jewova,

    N’ap suiv tras Jezi.

    Nou kontan fè konnen

    “Wayòm nan tabli.”

(Gade tou Flp. 1:7; Flm. 2.)