Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 72

Ann fè konnen verite Wayòm nan

Ann fè konnen verite Wayòm nan

(Travay 20:20, 21)

  1. 1. Te gen yon lè nou pa’t konnen

    Chemen ki bon pou yon kretyen.

    Jewova klere wout nou,

    Li fè nou wè pi klè chak jou.

    Nou vin konprann se volonte’l

    Pou nou sèvi’l, pou’n adore’l,

    Pou’n fè moun konnen li gran,

    Pou nou glorifye non li pou toutan.

    N’ap chèche moun nan tout peyi,

    N’al kay an kay, n’al nan lari.

    Avèk pasyans n’ap aprann yo

    Prensip Bib la ki wo nivo.

    N’ap anseye san patipri,

    Pou gen plis moun ki suiv sa’l di.

    Wi, ansanm, annou preche

    Jiskaske Bondye di nou mèt kanpe.