Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 78

‘N ap anseye Pawòl Bondye a’

‘N ap anseye Pawòl Bondye a’

(Travay 18:11)

  1. 1. N’ap anseye Pawòl Bondye

    Ak anpil kè kontan.

    Sa fè nou jwenn bonjan byenfè

    K’ap dire pou toutan.

    Jezi te demontre lanmou,

    N’ap suiv li pazapa.

    Konsa, moun n’ap chèche ede yo

    Ap pwòch ak Jewova.

  2. 2. N’ap anseye Pawòl Bondye,

    Nou vle fè sa ki byen.

    Moun k’ap gade dwe wè aklè

    Nou g’on konduit ki sen.

    Chak jou nou li Pawòl Bondye,

    Nou chèche, nou fouye,

    Pou’n jwenn trezò k’itil ni nou menm,

    Ni moun n’ap anseye.

  3. 3. Jewova ban’n sa nou bezwen

    Pou’n anseye afon.

    Si nou priye’l pou’n mande’l èd,

    L’ap tande nou toutbon.

    Pawòl Bondye se verite,

    Nou renmen’l, li pisan.

    Lè’n renmen moun n’ap anseye yo,

    Y’ap vin bon anseyan.