Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 81

Lavi yon pyonye

Lavi yon pyonye

(Eklezyas 11:6)

  1. 1. Chak maten, douvanjou, solèy poko leve,

    Dòmi nan je’n toujou,

    n’ap pare’n pou’n ale, n’ap priye.

    Ak lespwa, n’ap souri bay tout moun k’ap pase.

    Gen nan yo ki vini,

    gen lòt ki pa koute, men’n rete.

    (REFREN)

    Se lavi sa’n chwazi,

    Pou Jewova n’ap viv.

    Tout sa’l mande, nou vle obeyi.

    N’ap andire chak jou,

    Bon tan kou move tan,

    Se fason sa’ n’ap di’l toulejou: “Mwen renmen’w”

  2. 2. Lè jounen an fini, lè solèy la bese,

    Nou santi nou ranpli,

    ak lajwa ak gete, nou priye.

    Nou renmen sèvis la, ak tout kè’n n’ap travay.

    Granmesi Jewova,

    se li menm ki ban’n fòs ak kouray.

    (REFREN)

    Se lavi sa’n chwazi,

    Pou Jewova n’ap viv.

    Tout sa’l mande, nou vle obeyi.

    N’ap andire chak jou,

    Bon tan kou move tan,

    Se fason sa’ n’ap di’l toulejou: “Mwen renmen’w”