Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 84

Travay plis

Travay plis

(Matye 9:37, 38)

  1. 1. Jewova Dye konn sa’n bezwen

    Pou kè’n kontan e pou’n viv byen.

    Li ede nou pou nou sèvi’l,

    Li ban’n metòd pou’n pi itil.

    (REFREN)

    Travay plis, bay tout vi’n

    pou Bondye nou an.

    Kote ki gen bezwen, la’ n’ap ye

    pou’n ka pi kontan.

  2. 2. Gen gwo bezwen anpil kote,

    N’ap bay koutmen pou nou ede.

    Lè’n travay plis, se prèv lanmou.

    Nou vle preche plis moun toujou.

    (REFREN)

    Travay plis, bay tout vi’n

    pou Bondye nou an.

    Kote ki gen bezwen, la’ n’ap ye

    pou’n ka pi kontan.

  3. 3. Bò lakay nou ak nan lòt zòn,

    Nou konstwi Sal, nou bay sipò’n.

    N’aprann lòt lang e’n vin maton

    Pou’n ka preche moun tout nasyon.

    (REFREN)

    Travay plis, bay tout vi’n

    pou Bondye nou an.

    Kote ki gen bezwen, la’ n’ap ye

    pou’n ka pi kontan.