Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 99

Yon gwo foul frè ak sè

Yon gwo foul frè ak sè

(Revelasyon 7:9, 10)

  1. 1. Nou se yon gwo foul frè ak sè,

    Nou nan lemonnantye.

    Nou tout se temwen fidèl,

    Ki gen entegrite.

    Nou se yon foul frè ak sè

    K’ap vin pi plis chak jou,

    Nou sot nan tout nasyon, tout peyi,

    N’ap louwe Bondye nou.

  2. 2. Nou se yon gwo foul frè ak sè,

    N’ap preche tout kote.

    Nou gen yon trè bon nouvèl

    Tout moun ta dwe tande.

    Tank n’ap kontinye preche,

    Menm lè sa pa fasil,

    Jezi Kris ap ban nou rekonfò,

    Lapè nou ap anpil.

  3. 3. Nou se yon gwo foul frè ak sè,

    Bondye pran swen nou byen.

    E lannuit kou lajounen,

    N’ap sèvi’l men nan men.

    Wi, nou tout se frè ak sè

    K’ap preche Wayòm nan.

    Nou se konpayon travay Bondye,

    N’ap sèvi’l fidèlman.