Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 100

Akeyi yo byen

Akeyi yo byen

(Travay 17:7)

  1. 1. Avèk senserite, Bondye akeyi

    Tout moun e li pran swen yo san patipri.

    Li fè lapli tonbe,

    li fè solèy leve,

    Pou tout moun nèt, ni bon ni mechan.

    Chak fwa nou fè moun ki nan bezwen favè,

    Nou imite Jewova ki gen bon kè.

    Si’n aji ak lanmou,

    Bondye ap beni nou.

    Lè’n demontre bonte, li kontan.

  2. 2. Nou pa konn ki efè sa kapab genyen

    Lè nou ede moun nou wè ki nan bezwen.

    Menmsi se enkoni,

    nou dwe toujou aji,

    Lè yo nan bezwen, nou pap di non.

    Menm jan Lidi te fè, n’ap fè gwo efò

    Pou moun n’ap akeyi yo jwenn rekonfò.

    Papa nou nan syèl la

    konn ki moun sou tè a

    Ki imite bonte li toutbon.