KANTIK 102
‘Ann ede moun ki fèb yo’
-
1. Nou konnen nou gen defo,
Wi, nou gen mankman.
Poutan Bondye renmen nou,
Sa fè nou kontan.
Li gen anpil bonte,
Li renmen’n toutbonvre.
Se pou nou youn renmen lòt
Jan li renmen’n nan.
-
2. Lafwa kèk moun konn febli
Tikras pa tikras.
Lè’n di yo bon ti pawòl,
Sa trè efikas.
Bondye ka fè yo djanm.
Ann ede yo ansanm.
Lè nou chèche konprann yo,
Y’ap kenbe tennfas.
-
3. Si’n jije moun ki fèb yo,
Yo kapab bite.
Men, si’n janti avèk yo,
Y’ap kapab kenbe.
Annou aji atan
Pou’n bay ankourajman.
Plis yo jwenn moun soutni yo,
Plis y’ap pwogrese.
(Gade tou Eza. 35:3, 4; 2 Kor. 11:29; Gal. 6:2.)