Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 108

Lanmou fidèl Bondye genyen an

Lanmou fidèl Bondye genyen an

(Ezayi 55:1-3)

  1. 1. Jewova se lanmou!

    Nou ka wè li byen pran swen nou.

    Lanmou te fè li voye Kris

    Vin bay vi li an sakrifis.

    Nou vin gen yon espwa sèten

    N’ap ka genyen lavi san fen.

    (REFREN)

    Tout moun ki swaf mèt vini

    Bwè dlo lavi san peye.

    Wi, moun ki swaf mèt vini,

    Vin jwi lanmou Bondye.

  2. 2. Jewova se lanmou!

    Zèv li pwouve nou sa chak jou.

    Li montre yon lanmou fidèl

    Lè li bay Kris yon twòn nan syèl.

    Sa’k rive a se sa’l te di.

    Finalman, Wayòm nan tabli!

    (REFREN)

    Tout moun ki swaf mèt vini

    Bwè dlo lavi san peye.

    Wi, moun ki swaf mèt vini,

    Vin jwi lanmou Bondye.

  3. 3. Jewova se lanmou!

    Lanmou li dwe fè’n renmen tou.

    Tout moun ki gen imilite

    Dwe aprann volonte Bondye.

    Se pou nou preche kay an kay!

    Avèk kran, temwayaj n’ap bay.

    (REFREN)

    Tout moun ki swaf mèt vini

    Bwè dlo lavi san peye.

    Wi, moun ki swaf mèt vini,

    Vin jwi lanmou Bondye.