Al gade sa k anndan l

Ale nan lis ki di sa k anndan l lan

KANTIK 110

“Lajwa Jewova bay”

“Lajwa Jewova bay”

(Neyemi 8:10)

  1. 1. Siy tan yo klè, yo fè konn Wayòm nan pre.

    Nou bay tout moun bon nouvèl la.

    Leve tèt nou, epi tann delivrans nou,

    Li pa lwen rive kounye a!

    (REFREN)

    Lajwa Jewova bay se fòtrès nou.

    Chante fò avèk kè kontan.

    Nou tout dwe rejwi, di’l mèsi ak tout kè’n!

    Ansanm, ann louwe Bondye ki gran.

    Lajwa Jewova bay se fòtrès nou.

    Nou dwe fè tout moun konn glwa li.

    N’ap fè efò pou’n ret atache avè’l,

    E, nan sèvis li n’ap pran plezi.

  2. 2. Nou menm Temwen, ann konte sou Jewova.

    Nou pa dwe pè, li Toupisan.

    Leve kanpe, chante fò ak tout fòs nou,

    Chante pou li ak kè kontan!

    (REFREN)

    Lajwa Jewova bay se fòtrès nou.

    Chante fò avèk kè kontan.

    Nou tout dwe rejwi, di’l mèsi ak tout kè’n!

    Ansanm, ann louwe Bondye ki gran.

    Lajwa Jewova bay se fòtrès nou.

    Nou dwe fè tout moun konn glwa li.

    N’ap fè efò pou’n ret atache avè’l,

    E, nan sèvis li n’ap pran plezi.